Gouvènman Jouthe la ap konte jou alòske PHTK ap plase pyon pou yon 3è manda

405

Pòtopwens___(TRiboLAND) Ansyen pwezidan Michel Martelly ansanm ak kòkòday li, pwezidan Jovenel Moise ap fè bwas yon fason pou antre nan yon lòt faz manda PHTK a. Dapwè yon sous ki konfidansyèl ke TRiboLAND ka fè konfyans, repiblik la avan lonta pral asiste ak yon seri dispozitif ki pral mete do gouvènman Joseph Jouthe la atè. Konsa malgre tou, yon demi douzènn minis apepwè konte rekondwi.

Tout mouvman chanje kazak sa yo, defini mak fabwik PHTK ki toujou afiche yon defisi onivo gouvènabilite kote yo transfòme jesyon enstitisyon leta yo an ti pas kout, an “sòl” ou “men eso.” Se tankou yo lage w nan yon bwat paradi san abilite akademik, nan yon manmèl bèf pou w banbile e apwè petèt yon 6 mwa yo plase yon lòt sousè jiskaske yon bon valè manm PHTK arive naje nan grès. Maskarad “Chak moun pran yon gòje a” te souvan repete sou vèsyon PHTK 1 an, kote minis, sekretè deta ak dirèktè jeneral tounen “pas patou.”

Dènye faz sa, ki ta sanble yon faz final ki rele “ran pou ran”, pral dekri yon kabinè ki pwal konpoze ak gwoup ki pral plase pyon pou Michel Martelly e yon lòt gwoup moun pou Jovenel Moise yon fason pou fòtifye teren an pou pwochènn eleksyon. Yon evantyèl retounen sou moun ak Michel Martelly ap definitivman tradwi yon modèl gouvènabilite Larusi, kote ke te gen 2 pwezidan ki se inik jwè kap fè ti pas kout ak balon pwezidansyèl la. Konsa, li pap etonan pou Jovenel Moise ta anvizaje yon lòt manda apwè. Yon bagay ke kòriptè sa yo inyore, dirijan ki fè pwatik sa yo ki kan menm diktatoryàl, arive modènize e ede peyi yo viv nan dinyite. Yo pa sansal ni inyoran!

Jiski bò malad mantal ki senbolize echèk sa yo vle trennen peyi a ankò? Yo te pwomèt bannan; yo vini ak karavann pou fè bwi sapat; yo bay buzz ak pwojè elektrik 24/24; yo tap plenyen pou peyi lock nad mari nad; pa gen limyè yo di se palman ki pa vle sinye kontra ak Tywonn; yo di pa gen limyè se akoz sechrès; yo tap akize boujwa ki pa vle anyen fèt alòske yo kontinye danse kole avèk yo; yo fè tèt yo pase pou bandi legal e menm komèt zak asasinay nan non enpinite; yo te pran pwetèks se palman ki pa vle anyen fèt, malgre tou yo ap kraze kob palman an te konn touche a; yo te di se pou lekòl la ouvè, malgre sa yo pa ka delivwe; yo tap kriye pa gen lajan alòske pa gen peye palman ankò e anpil enstans entènasyonal pa sispann debloke volim lajan pou Jovenel (pa pou ayiti) tanzantan onon kowonaviris, rezilta zewo; ki lòt pwetèks idyo PHTK yo pral itilize pou jistifye echèk yo nan somalize ak kokoratize peyi a nan menm nivo enkonpetans anfantenn yo genyen kòm .

Si anstans entènasyonal yo pat genyen yon pati an retou nan magogo lajan yo ap lage nan men yon gouvènman ki kòronpi e ki pwouve enkonpetans li nan nenpòt nosyon pweliminè, pa gen oken fason pou yo te kontinye ap lage lajan nan men PHTK pou kontinye fè gagòt ak kòripsyon nan yon peyi ki alagoni ke yo fè zewo nan: edikasyon, sante, enèji, enstitisyon etatik, devlopman ekonomik, enflaksyon, enfwastrikti woutyè, enfwastrikti teknolojik, agwikilti, edikasyon pwofesyonèl, lojman sosyàl, ekoloji, amenajman fatra, sèvis ponpye, sèvisdlo potab, pou nou site sa yo sèlman.

Avan lontan plizyè machwè won pral chavire! Jouthe prale Jouthe tounen! sa pap chanje anyen sinon ke fè plas pou enkonpetans ak yon seri eleman neglijab ki pral vinn pwije yon manmèl ke PHTK sèmante pou ekstèmine.

Jacob Bendhalam, TRiboLAND

Comments are closed.