Gouvènman Dominiken egzije otorite Ayisyènn yo bay bonjan limyè sou asasina

0 352

Sen Domeng__(TRiboLAND) Gouvènman Dominiken an mande otorite peyi Dayiti yo pou ankete san pèdi tan, mete anba kòd e trennen devan lajitis tout moun ki enplike nan asasensina yon chofè dominiken nan zònn Nan Papay, Gantye, Vandredi kite 6 Mas 2020 la.

Demand sa fèt atravè Minis Afè Lòtbò Dlo dominiken an Miguel Vargas Maldonado ki egzije bò kote Anbasad Dominiken ki an Ayiti, Alberto Despradel pou ke tretman yon tèl dosye dwe prann avèk anpil serye bò kote otorite ayisyènn yo e answit bay bonjan limyè sou lanmò a.

Nap raple, Ysmael Lopéz Morales ki antere yè Lendi a, te yon chofè konpayi Propagas nan Repiblik Dominikènn ki te jwenn lanmò l lòske li tap tante sove anba men gwoup gang 400 Mawozo ki tap tante fè yon detounman nan zònn nan Papay, nan Gantye semènn pase a.

Leave A Reply