Ofisyèl peyi Etazini yo ap fè bwàs pou retounen pwese pwese nan peyi Dayiti yon egzòd masiv migran ayisyen ki anvayi zòn fwontalyè Del Rio, nan Eta Texas.

2,232

09/17/2021

Del Rio, Texas_____(TRiboLAND) Peyi Etazini pwàl ekspilse ou retounen lakay petèt demen dimanch lan, yon gwoup masif ayisyen sou fwontyè Del Rio a nan Texas. Konsa, detay ak modalite yo poko finalize, sepandan genyen anpil posiblite pou genyen 5 jiska 8 vòl avyon chak jou, dapwè yon gwo fonksyonè Leta Tonton Sam nan ki okiran yon parèy plan pweparasyon ki rete konfidansyèl.

Genyen anpil posiblite pou vòl depòtasyon yo dekole nan San Antonio ki plis anba zèsèl Del Rio. Alòske administrasyon Biden nan ap fè mannèv pou arive reponn ak yon seri sitiyasyon azil ki te deja ap miltipliye sou tèritwà ameriken an. Kidonk, jounen vandredi 17 septanm 2021 an, se te yon joune dezòd jeneralize ki make avèk aparisyon anba yon pon yon foul enpozan imigran, pami yo genyen plis pase 10 mil ayisyen.

Otorite ameriken yo te oblije bwit sou kou bloke sikilasyon machin ak pyeton nan 2 sans tou pwe pòs fwontalye Del Rio a. Nap raple, swit ak yon parèy kriz migratwà, sèvis dwann ak pwoteksyon nan peyi Etazini twouve li nan obligasyon pou fèmen egalman pòs fwontalyè tankou: Meksik av Ciudad Acuna, yon fason pou regle kesyon sekirite peyi Etazini.

Comments are closed.