Asosyasyon Majistra yo denonse yon atak ki fèt sou Jij Durin Duret Junior

0 533

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nann yon nòt ke li fè sòti, Asosyasyon Nasyonal Majistra Aisyen (ANMAH) ak rezo Nasyonal Majistra Ayisyen (RENAMAH) denonse yon atak ki fèt kont Majistra Durin Duret Junior, jij nan Kou Dapèl Pòtopwens ak Konseye pou Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), nan Delmas Lendi 9 Mas 2020 an anba endividi ame ki pwezante tèt yo kòm polisye.

Nèg ame te ouvè zam sou sou machenn Majistra a nan moman ke li tap fè travay li kòm ki manm CSPJ. Yo te pran kle machenn nan malgre Majistra a te idantifye li kòm jij.

Dapwè ANAMAH ak RENAMAH, Mèt Durin Duret Junior se yon Majistra trè respektab. Koulya li se yon viktim anplis pami viktim pèsonèl jidisyè a.

Leave A Reply