Yon gwo dife enkontwolab ravaje yon kay nan Peguy-ville

0 531

Pòtopwens___(TRiboLAND) Moun ki nan zònn Peguy-ville ap rele sekou pou mande mouche Ponpye vinn bay la men fòt ak gwo dife ki eklate nan kay Renold Roy vè 6 zè pm jodi 7 Mas 2020.

Dife a ke pèsònn moun poko konnen orijinn li, tap pran jarèt avèk gwo rafal van ki te fasilite l layite kò l ak yon vitès alamant.

Manèv vwazinaj yo pat rive ateri, sepandan rèl pou rele ponpye pat sispann fèt pou plis pase yon èd tan, dapwè yon ripòte TRiboLAND ki te sou plas.

Leave A Reply