Matisan: Gwo rafal kout zam kontinye ap chante nan antre Sid kapital

0 469

Pòtopwens__(TRiboLAND) Antre Sid Kapital la pat yon mens afè ayè Mèkredi 28 Dawou 2019 la. Aktivite sou Bisantnè ak Matisan te paralyze tankou jan sa konn abitye fèt; gwo rafal kout zam otomatik pat sispann fè mikala-w nan divès katye gang nan lide pou bandi sangwen yo fè manèv pou ta detounen 2 kamyon machandiz.

Gwo katchouboumbe sa yo ta sanble okazyone lamò yon polisye plis yon lòt kamyon sapè ponpye bandi sangwen atake.

Leave A Reply