Rankont ak ti bat bouch ant SPNH ak Komisyon dyalòg PNH la

0 346

Pòtopwens___(TRiboLAND) Tankou jan sa te anonse pou jodi Jedi 27 Fevwiye 2020, komisyon dyalòg ke direksyon jeneral PNH la te mete sou pye pou diskite sou kriz kap anvlimen enstitisyon polisye a, rankontre avèk Sendika Polis Nasyonal Dayiti a nan Boudon anndan Ofis Pwotektè Sitwayen an ki jwe yon wòl entèmedyè ant otorite polis nasyonal la ak SPNH la.

Selon youn nan avoka SPNH la, Patrick Pelissier konfime ke lè gen volonte gen anpil chans pou nou arive rezoud sèten bagay. Li estime se yon rankont ki dewoule nan yon atmosfè trè seren e ki pwouve ke teren aplani.

Mesye Pelissier konfime ke bat bouch yo te plis chita sou rekonesans egzistans sendika nan mitan kò polis la ak retounen san machwè gonfle ou san kondisyon 5 polisye yo te mete atè tou dousman yo.

Konsa, ekip repwezantan legal SPNH la pa ekate posiblite lòt envitasyon bò kote responsab OPC yo pou lòt chita tande nan kad deplòtonen kriz ki mete SPNH la anfas gran Toryan PNH yo.

Nap raple, chèf alatèt SPNH la ki se Yanick Joseph te nan rankont lan e li te gen zam li ak tout inifòm polis sou li.

Leave A Reply