Ayiti – Trezò : Etazini asèpte retounen bay Ayiti yon seri pyès art ak objè antik ke moun te vòlè

0 367

Bwavo Etazini! Se reyèlman enteresan pou yon moun obsève ke se sou administrasyon Donald Trump lan, ke Ayiti ap retounen jwenn jwenn plis pase 400 pyès arkewolojik ki te disparèt an Ayiti. Sa se yon ak ki montre ke Etazini malgre tou, vle aske ayisyen aprann pwoteje e valorize patrimwànn kiltirèl nou.

Se Vandredi maten 14 Fevwiye 2020 an yon seremoni restitisyon dewoule nan nannan Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE) peyi Dayiti a, devan anbasadè Etazini ki an Ayiti a, Michèle Sison, Dirèktè adjwen FBI, Micheal Nordwall, Ajan espesyal FBI, Timothy Carpenter, Erol Josué, Direktè Biwo Nasyonal Etnoloji san konte lòt manm ofisyèl gouvènman ayisyen ak ameriken. Gouvènman ameriken asèpte restitye yon pakèt pyès ak objè artistik antik ke vòlè raketè te pran an Ayiti pou vann nan peyi etranje.

Plis pase 400 pyès arkewolojik ki gen anpil valè istorik ou kiltirèl ke FBI (Federal Bureau of Investigation) arive sezi ki tap sikile ilegalman sou tèritwa Etazini an. Gouvènman Tonton Sam nan te travay seryezman an kolaborasyon avèk administrasyon BNE a yon fason pou te verifye orijin pyès sa yo ki konstitye patrimwànn ou trezò peyi a ki pa sispann pwoteje ou pase an gagòt. Yon lòt fwa ankò, yon gwo kout chapo pou peyi Etazini!

Nou espere fwa sa, responsab ayisyen yo ap mete artifak sa yo anba kle!

.

Leave A Reply