Kowonaviris la ap pran jarèt nan kèk pwizon nan peyi Lachinn

0 284

Pekin___(TRiboLAND) Lachenn repòte nan dènye 24 èd tan sa yo 889 nouvo ka ki bay yon total 75,465 moun ki enfekte ak kowonaviris la. Konsa, genyen 118 nouvo moun ki mouri e koulya ki bay yon total 2,236 moun ki deja fè vwèl pou peyi san chapo.

Selon otorite Chinwa yo jodi Vandredi a, nouvo kè kase yo sou epidemi an koulya chita tou sou pwizon yo ki deja anrejistre plis pase 500 nouvo ka kowonaviris ki detekte nan divès pwizon atravè peyi Lachinn.

Nan pwizon pwovens Hubei pou tèt li sèlman, yo anrejistre 271 yè Jedi a, e nan ka sa yo ou jwenn apepwè 220 ka otorite pwovensyàl yo pat konnen deja. Dapwè yon jounal lokal Pati Kominis la, Hubei Daily, yo anrejistre nan yon pwizon fanm sèlman apepwè 230 ka e lòt 41 ka yo nan kontre Shayang.

Leave A Reply