PM Alix Didier Fils-Aimé ta sanble ap fè kòtmaltaye pou pran desizyon pou revoke alatèt ULCC a, Hans Joseph

87
0
Share:
TRiboLAND

07/02/2026

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan moman anpil moun pweokipa ak anbyans Mondyal 2026 la, patikilyèman popilasyon ayisyèn kap naje nan mizè agoni lanfè, PM pap padap la, Alix Didier Fils-Aimé ta sanble pa sispan manniganse nan fè kòtmaltaye anbachal. Selon sa ke Radio Télé Métronome, Alix ta pran desizyon pou voye an eta disponiblite direktè jeneral ULCC a nan moman seyans Konsèy minis yo jodi jedi 2 jiyè 2026 la.

Enfòmasyon ki soti ki pran lari yo, ta fè konnen ke moun ki nan reselè ak PM nan pat janm vle wè Hans Joseph rete nan tèt enstitisyon ULCC an avan piblikasyon dekrè a; konsa, reselè yo ak tout kontab denye piblik yo ki pa fè deklarasyon patrimwànn yo kapab jwenn dokiman yo san tèt chaje.

RTM kontinye rabat pou li di ke sous li ta fè konnen ke Pwimati konsidere Hans Joseph kòm yon “bèt nwa”, akoz li te ouvètman montre dezakò li kont dekrè sou fonksyon Gran Kou jistis la nan moman yon reyinyon nan syèj sosyal Òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo nan Nouyòk semèn pase a.

Share:

Leave a reply