IBERS pran kontwòl 28 timoun ki suviv ensandi òfelina a, men dosye a mal demare

0 535

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon konferans ke yo bay yè Madi 18 Fevwiye 2020 an, nan kad pou pote eksplikasyon sou dram 15 moun ki mouri bwile nan òfelina “l’église de la compréhension de la Bible” nan Kenskòf la, direktris IBESR (Institut du Bien-Etre Social et de la Recherche), Madam Arielle Jeanty Villedrouin asosye ak Minis Afè Sosyàl ak Travay demisyonè a, Madam Marie Élise Brison Gelin san bliye Sibtiti Komisè gouvènman an, Frantz Louis Juste anonse ke Pakè te deja sezi dosye ensandi a.

Dram sa ki revòlte konsyan nasyon an ak rès monn nan okazyone anpil iresponsab ap mete tèt yo deyò yon fason pou montre ke yo ap fè travay yo. Anplis, pandan tout moun ap bat pou krisifye responsab òfelina a, yo ekate petèt tout posiblite kòb anba tab ki te fasilite espas sa operasyonèl, sitou selon gwo chènn televizyon amerikènn CNN, ki konfime ke responsab òfelina a sanble te genyen yon budjè ki estime plis pase 6,6 milyon dola vèt.

Kidonk, pou ki sa Jij Raymonde Jean Antoine ki abite tou pwè ensidan an kouri gentan sezi dosye a, alòske òfelina a te toujou ap fonksyone anba zye l pandan plizyè ane san pèmi nan moman Afè Sosyal te anba direksyon Eud Lajoie ki se vwazen Jij Raymonde Jean Antoine nan Fèmat.

Se sèten, responsab Afè Sosyal yo te konnen estati operasyon illegal òfelina a; sepandan kouri pran an chaj yon parèy dosye nan menm sware ensidan an avèk yon Jij ki soufwi yon defisyans de konfyans nan Kenskòf parèt yon ti jan sispèk.

Li ta pi pweferab pou responsab Lajistis yo chèche konnen rapò Jij Jean Antoine avèk Eud Lajoie e egzije majistra a detache l de dosye a pou plis envèstigasyon avèk responsab Afè Sosyàl e responsab òfelina yo. Konsa, anpil revelasyon anba tab petèt kapab fè sufas.

Leave A Reply