Yanick Joseph, ansyen kowòdonatè SPNH la deklare ke otorite ayisyen yo genyen yon kromozòm anplis oubyen an mwens

283

09\07\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè entèvansyon Lionel Lazarre pou minimize paralèlman mouvman mach SPNH la pou jodi lendi 7 septanm lan sou Radyo Tele Karaib, Yanick Joseph ki se ansyen kowòdonatè SPNH pat pran tan pou bay yon repons muskle ak enpètinans kòwodonatè Sendikal Nasyonal Polis Ayisyen yo.

Yanick Joseph deklare direktè jeneral PNH la pa chèf pa rapò ak aksyon ke l’ap poze e tretman mètdam pou afebli ou dezumanize polisye yo. Ansyen kowòdonatè SPNH la kontinye pou li di ke Leta initil la pa gen egalman prewogatif chèf paske yo fayi bay prop pèp lakay yo yon menm yon minimòm. Li menm ale pi lwen pou li di “konpòtman dirijan aktyèl peyi Dayiti yo montre ke yo genyen yon kromozòm anplis ou an mwens!

Pou fini, Yanick Joseph ki nan kanpe lwen pa proche, ankouraje tout polisye konsekan pou soti pote kole ak mouvman mach SPNH yo kap mande jistis pou polisye ki pa sispann tonbe anba bal bandi, move tretman ak ensekirite jeneralize ke Leta a pa ka jere. Li envite responsab Sendika Nasyonal Polis Ayisyen yo pou yo kontinye al pase mòp nan fè tchoul Normil Rameau kap maltrete polisye.

Comments are closed.