ITDP mande lidè politik yo pran responsablite yo devan kriz peyi a

58
0
Share:
TRiboLAND

09/21/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Òganizasyon kominotè Inyon Tèt Ansanm pou Devlope Pòdpe, ITDP, mande aktè politik yo pou yo mete tèt yo ansanm epi pran plis responsabilite devan kriz peyi a ap travèse. Daprè pozisyon plizyè manm estrikti a, ensekirite, lavi chè ak difikilte ekonomik yo mete anpil fanmi nan kondisyon lavi mizèrere k ap vin pi difisil chak jou. ITDP, ki baze nan zòn Ri Monfò, deja angaje l nan plizyè inisyativ kominotè, tankou sipò pou edikasyon timoun ak aksyon solidarite nan kominote a.

Nan refleksyon yo, manm òganizasyon an estime kesyon sekirite a dwe rete pami premye dosye otorite yo ak lidè politik yo dwe atake. Pou yo, pa kapab genyen yon pwosesis elektoral ki vrèman kredib san yon efò serye pou amelyore kondisyon sekirite ak lavi popilasyon an. Yo ankouraje responsab politik yo pou yo evite pwomès ki pa akonpaye ak mezi konkrè, epi pou yo mete enterè popilasyon an devan enterè pèsonèl oswa elektoral.

ITDP ki gen nan tèt li Jocelin Senatus envite tout sektè ki konsène yo pou yo pran mezi ki kapab pote amelyorasyon reyèl nan lavi sitwayen yo. Apèl sa a vini pandan peyi a ap antre nan yon peryòd kote aktivite politik yo ap entansifye epi CEP a, ap kontinye ajiste kalandriye ak pwosedi elektoral yo. Pou òganizasyon an, batay kont ensekirite, povrete ak lavi chè a dwe rete yon pati santral nan diskisyon sou avni peyi a.

Share:

Leave a reply