Anplwaye TPTC yo nan Pòdepè kanpe travay an siy pwotestasyon kont kòlèg yo ajan PNH maspinen

377

Pòdpè___(TRiboLAND) Dwa moun pa sispann vyole nan Nòdwès; 2 anplwaye TPTC nan vil Pòdepè pase yon move moman anba men ajan PNH yo, lannuit mèkredi 8 jwiyè 2020 an.

Anplwaye viktim sa yo ki tap sot travay trè ta nan lannwit, e ki t ap prese rantre lakay yo akoz fatig, t’ al tonbe bab pou bab ak polisye sa yo nan yon aktivite fouy. Sa w tande a, san mande ki mò ki touye lanperè, se wè anpliwaye wè se avèk kout baton, koutpwen ak kout zàm nan tèt ke ajan yo resevwa yo.

Jodi jedi 9 jwiyè a, byen bone nan maten, materyèl TPTC yo te deja kanpe ankwa devan pòt rantre Komisarya Pòdepè a ansiy pwotestasyon. Anplwaye sa yo ki te ankòlè, pa’t mete dlo nan bouch yo pou di toutotan kòlèg travay yo pa jwenn jistis ak reparasyon anba polisye kriminèl sa yo, yo pap reprann travay, yon travay ki paralize vil Pòdpè depi plis pase 2 lane.

Konsa, sikilasyon nan site Kapwa lamò a pou yon bon bout tan parèt totalman enposib.

Saint Jean wiskis, TRiboLAND
3600 1195
4204 2561

Comments are closed.