PNH arive demantle yon rezo gang ki okazyone 184 arestasyon nan Sid peyi a

298

Pòtoprens___(TRiboLAND) Pòt pawòl direksyon lapolis Okay la, enspektè Pierre Yves Lessage anonse jodi 21 jwiyè 2020 an ke fòs sekirite yo nan depatman Sid la arive demantle yon gwo tonton rezo gang ki pa manje anyen ki frèt nan yon pakèt zak malonnèt.   

Konsa, atravè plizyè operasyon nan depatman sid peyi a, fòs polis la arive fè yon dividal arestasyon nan espas de yon mwa sèlman. Plis pase 184 moun anba kòd e yo genyen sou tèt yo plizyè chèf akizasyon tankou trafik dròg, vyòl, kasèt kay, asosyasyon malfektè, posesyon zam ilegal e latriye.

Pami arestasyon sa yo, gen 118 ke lapolis boske nan vil Okay.

Comments are closed.