Pòdpè pran yon nouvo souf despwa : nouvo katèl minisipal la lanse premye gwo netwayaj vil la

04/05/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nouvo katèl minisipal Mèri Pòdpè a, ki gen nan tèt li Ralph Moreau, Jamesky Jeanty ak Dolanda Wendy Mertilus, fè yon premye gwo demach ki deja voye yon siyal pozitif bay popilasyon an. Jodi dimanch 5 avril 2026 la, jis apre prestasyon sèman ak enstalasyon yo, ekip la lanse yon operasyon netwayaj nan vil la kòm premye aksyon konkrè manda yo.
Entèvansyon an te kòmanse nan zòn plas Kapwa Lamò, toupre ansyen lokal Mèri Pòdpè a, kote plizyè espas piblik tap resevwa pwòpte nan mitan yon anviwònman sal ou kwonik. Aksyon sa a montre volonte nouvo administrasyon an pou antre dirèkteman nan travay ki gen enpak sou lavi chak jou sitwayen yo, sitou nan kesyon pwòpte ak ijyèn nan vil la.
Daprè Majistra Ralph Moreau, operasyon sa a se sèlman kòmansman yon seri travay ekip la prevwa reyalize pou kenbe Pòdpè pwòp ak byen òganize. Li fè konnen administrasyon an konte sou kolaborasyon tout popilasyon an pou soutni efò sa yo, paske pwòpte vil la se responsablite tout moun ansanm. Nouvo katèl la sanble detèmine pou make pasaj li ak aksyon rapid e vizibilite.






