Joaceus Nader debake avèk nèg ame kagoule e lage panik nan CSCCA

413

09\23\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Joaceus Nader ki se minis travay piblik, transpò ak kominikasyon lage jodi mèkredi 23 septanm 2020 an gro panik nan Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratif (CSCCA). Nader ki te genyen jounalis Radyo Ginen ak televizyon nasyonal san konte yon ekip atoufè ame kagoule te anvayi manu military lokal enstitisyon kap veye sou gaspiyaj lajan leta.

Minis la anvayi espas “Kou” a e menm arive penetre espas ki genyen yon seri dokiman konfidansyèl ak kontrakryèl tankou dosye sansib ki gen pou wè avèk Petro Karibe. San mande ki mò ki touye lanperè, ekip atoufè yo fè foto e filme yon pakèt bagay anndan e menm filme anplwaye ki te anba chòk.

Devan yon parèy sitiyasfyon, prezidan CSCCA Rogavil Boisguéné ki te oblije rele premye minis Jouthe Joseph ak popilasyon an pou mete yo okouran, te oblije fè yo fèmen baryè enstitisyon yon fason pou te fasilite konsta legal desann dèlye a. Konsa, yon bon pòsyon nan popilasyon an te deja mase an bandisyon nan perimèt CSCCA a an siyn solidarite ak enstitisyon kap veye vòlè ak kòripsyon an.

Kidonk, konsta yo te arive fèt avèk yon jij ki te sou plas; group atoufè yo ki genyen nan tèt yo Joceus Nader te oblije pran nan “blokis antre pa sòti” jis kaske PM Jouthe Joseph ki te akonpanye avèk plizyè ajan PNH ak defansè dwa moun, Pierre Espérance pou jete dlo sou dife.

Nap raple, sa pa genyen lontan depi ke PM Jouthe Joseph te oblije mache sou otorite CSCCA yo pou fè eskiz pou menm minis TPTC sa ki te tòchonnen responsab enstitisyon sa ki se inik lokal kap veye vòlè ak kòriptè nan sakèt leta.

Comments are closed.