Bill Clinton deklare Repiblik Dominikènn se youn nan peyi touristik ki pi an sekirite

0 390

Sen Domeng___(TRiboLAND) Ansyen Pwezidan Ameriken an Bill Clinton, deklare yè Madi a ke Repiblik Dominikenn se destinasyon touristik ki pi sekirize e ankouraje sitwayen dominiken pou yo vizite peyi Karaib la san kè kase.

Ansyen lokatè Maison Blanche lan fè eta kòman li santi li ansekirite lè li nan Repiblik Dominikenn, “Peyi sa byen administre e moun ki responsab endistri touris la fè yon bon travay.”

Clinton ki pa sispann vizite peyi panyòl e ki ta sanble yon gwo envèstè nan Repiblik Dominikènn pa sispann fè lwanj pou peyi a malgre patènn ensidan mòtèl e etranj ki sakaje sèktè touris la. Li fè deklarasyon sa yo nan Playa Grande Golf and Ocean Club nan Rio San Juan nan zònn Nòdès Repiblik Dominikènn.

Ansyen pwezidan ameriken an san bliye Paul Farmer, ki te toujou sibi gwo kritik sou jerans Fon Rekonstwiksyon peyi Dayiti a apwè tranbleman 12 Janvye 2010 la, pa sispann demontre panchan li pou Repiblik Dominikènn.

Leave A Reply