A anviwon 3 jou pou fèmti dat depo kandida yo : kandida yo toujou paka jwenn sètifika lapolis yo.

66
0
Share:
TRiboLAND

10 – 29 – 2926

Jeremi, Ayiti_____(TriboLAND) A anviwon twa jou dat limit pou kandida pou pós senatè, depite, minisipalite, delege vil, konsèy administrasyon seksyon kominal ak katèl administrasyon asanble seksyon kominal yo, lapolis jidisyè pa anmezi pou bay kandida sètifika jidisyè yo. Sa ki pi rèd, anpil nan kandida sa yo fè konen yo depoze dokiman yo e depi plis pase twa a sis mwa yo fè demand bokote otorite polis yo nan Jeremi.

Ansanm sitwayen, sitwayènn kandida pou diferan pòs eleksyon jeneral gouvenman an ak Konsèy elektoral pwovizwa a dwe realize a, deklare ke dirijan lakay yo, genyen pwòp agenda pa yo pou eleksyon pa janm òganize nan peyi a defason pou toujou kenbe majorite pèp lan nan enstabilite politik e ekonomik.

Fas a konpòtman anti-demokratik dirijan yo, kandida yo nan tout nivo pou katòz komin depatman Grandans lan mande manm popilasyon an, ki genyen entèrè pou eleksyon demokratik fèt nan peyi a, fè yon leve kanpe jis pou egzije òganizasyon bonjan eleksyon lib, onèt, e demokratik nan Grandans; kote leta ap mete dispoznib pou kandida yo tout sèvis debaz lalwa fè obligasyon pou peye task nan direksyon jeneral enpo DGI.

Share:

Leave a reply