Bèl figi lakay fanm: Se pa sa sèlman ki atire yon gason

0 565

Onivo atraksyon, anpil gason ap chèche plis lòt bagay ke yon bèl figi lakay yon fanm

(TRiboLAND) Pandan ke yon pakèt fanm ap kase tèt yo pou yo jwenn atansyon oubyen validite lakay yon gason, genyen anpil bagay lakay fanm ke gason pa ka reziste. An jeneral, gason pa sèlman remake lè yon fi fè cheve li, mete makup, mete seksy souvètman, men yo remake divès lòt bagay ke fanm fè pafwa yo pa rann kont de sa.

Yon koup miltietnik

Se pa bèl figi lakay fanm ki atire gason sèlman. Genyen anpil lòt bagay nan lavi ou ki kapab ajoute yon diplis nan pèsonalite w kòm fanm, e se bagay sa yo anpil fwa ki kapab atire gason an pi pwè ou. Me kèk bagay petèt ou fè tanzantan san ou pa rann kont ki volim atraksyon bagay sa yo genyen ladan yo:

  1. Bay atansyon oubyen apwesye timoun piti (ti bebe)

Wap sezi wè ki efè sa kapab fè sou mennaj ou mari ou lè lap obsève a ki pwen swa nan yon legliz, nan yon restoran, nan mache oubyen menm nan yon klinik wap ede oubyen bay yon bèl timoun ki tonbe atansyon ale wè touche li, ancheri li e menm pran swen li. Entèaksyon ou avèk yon ti bebe kapab eksite gason an paske lap renmen wè aspè matènèl ke ou genyen nan ou. Konsa, menm si ou se paran oubyen ou pa paran, pa ezite montre fakilte sa lakay ou chak fwa li nesesè. Sèl bagay, pa kouri al touche pitit lòt moun san pèmisyon.

2. Lè wap ri

Yon gason renmen wè yon fanm ke li renmen kap souri e li toujou pwè pouli fè yon seri bagay ki pou toujou fè fi a ri. Lè li wè fi a kontan e nan bon moman, sa fè li tonbe damou. Pafwa, tande yon fi kap ri, kapab eksite yon gason arive pèdi tèt li e pi kouri pran wout fè lanmou.

3. Mete rad li sou ou

Gason renmen lè yo wè fi ap mete rad yo. Aparans fizik yon gason trè diferan; konsa anpil rad gason aparèt twò long, twò laj oubyen bwè sou yon fi e se poutèt sa gason renmen wè fi mete rad yo. Gen fi ki renmen dòmi ak pijama mari yo sitou lè mari a pa la. Anpil gason pafwa renmen wè lè yon fi vòlè mayo yo oubyen chemizèt yo! Sèlman, sonje retounen yo kote ou te pran yo!

4. Li yon liv sou kabann

Se yon bagay ke ou petèt fè lè wap relax oubyen pou meble espwi ou apwè yon jounen travay pete fyèl. Gason renmen obsève lè yon fi ap li yon liv sou kabann. Genyen yon bagay ki reyèlman fò nan sa; lè lap obsève ke fi a pèdi nan yon aktivite kote ke li chwazi pa mete gason an ladan l. Ale wè si chanm kote ke wap li liv la pa gen twò gwo limyè, sa ap bay gason an plis kontantman pou lap obsève ou kap fè lèkti. Gason renmen wè lè fanm yo ap li!

5. Detire kò

Sa se youn nan bagay yon moun pa tap panse, men gason renmen wè lè fi ap detire kò yo anpil. Si ou genyen abitid ale nan yon gym (sant egzèsis), ou kapab obsève gason kap gade fi kap delache oubyen detire kò yo. Gason jwenn anpil atraksyon sitou lè yo wè yon fi ap fè mouvman lè yo ap detire kò yo. Ekspè yo dekouvwi youn nan egzèsis detire ke gason renmen lakay fi, se lè fi a tire tou 2 men li anlè tèt li.

Koze Fanm / TRiboLAND

Leave A Reply