Gwo altèkasyon ant ajan USGPN ak etidyan Ekòl Nòmal Superyè: mwens pase yon dizènn etidyan blese anba bal

0 387

Pòtopwens___(TRiboLAND) Gwo altèkasyon ant ajan USGPN ak etidyan Ekòl Nòmal Superyè yè apwè midi 13 Mas 2020 an nan Pòtopwens.

Dapwè etudyan ki te ozabwa nan mikwo yon radyo nan Kapital la, Unite Sekirite General Palè Nasyonal tire yon pakèt kout zam sou batiman lekòl la kote ke etidyan yo te abwite; yo egalman simen katouch sou machenn youn nan pwofesè kap dispanse kou nan enstitisyon ENS la.

Yon pwofesè pami yon dizènn etudyan ki pote non Jean Keveny Innocent blese anba bal atoufè ajan Palè Nasyonal ki ta sanble te venn tire revanj pou you etidyan ki te genyen yon bouch louvwi avèk yon pwofesè, dapwè sa kèk etidyan rapòte nan mikwo yon radyo nan kapita la.

Konsa tou, menm ajan USGPN sa yo te pwente zam e bouskile jounalis Joubert Joseph ki tap repòte  sènn nan pou Radyo Kiskeya.

Leave A Reply