Wanament : Popilasyon Wanament an dezakò avèk dosye konstwiksyon yon legliz katolik nan “Parc-de-jeux” Manket la.

2,244

06-21-2022

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi kèk jou responsab yo nan legliz katolik manifeste volonte pou konstwi yon pawas nan espas “Parc-de-jeux” Mankèt la nan komin Wanament. Yon desizyon ki mete anpil diskisyon nan kominote a sitou ak agen egzekitif yo nan komin nan. Edelin Sézard alyas Frè Léonel esplike pozisyon legliz katolik nan dosye sa.

Genyen yon evantyèl konfli ant reprezantan legliz katolik nan komin Wanament ak divès sitwayen kap viv nan kominote a sou volonte yo manifeste pou konstwi yon pawas anndan Parc-de-jeux Mankèt la. Sitwayen yo estime li pa akseptab pou legliz konstwi anndan yon espas ki reseve pou fè aktivite espò. Yon dosye ki fè anpil tole nan kominote a menm jounalis deja ap sibi gwo menas anba men kèk endividi.

Nan sans sa a, youn nan reprezantan legliz katolik nan kominote a, Edelin Sézard ke tout moun konnen sou non Frè Léonel ki tap entèvni nan yon stasyon sè nan vil la 21 me a, esplike pozisyon legliz la ak demach yo a. Frè Léonel di, “legliz katolik pa janm nan eskandal okontrè legliz la toujou prè pou ede nan rezoud konfli chak fwa sa posib”.

“Volonte sa vini aprè nou estime espas kote legliz la ye a pa pou legliz la, li pa apropriye tou epi mèt espas la manifeste volonte pou rekipere l. Nan sans sa legliz la tap chèche yon espas pou lokalize l . Kòm nou wè genyen yon pati ki vid nan parc-de-jeux a, nou te estime nou te kapab evolye nan espas la yon fason provizwa. Konsa nou te fè tout demach yo, soti nan ministè espò epi chita ak divès sektè nan kominote sou posibilite sa” esplikasyon Edelin Sézard.

Sepandan Frè Léonel fè konnen menm si legliz la te respekte tout demach yo men yo pa tap janm ka konstwi legliz la si popilasyon pa dakò. Nan sa ki gen pou wè ak moun kap di yo te ofri legliz la yon espas men yo pa dakò, responsab la di se manti. Okontrè yo prè pou chita ak tout moun ki gen volonte pou ede yo jwenn yon espas pou legliz la fonksyone nòmalman. Frè eklezyastik la te tou profite mande ak moun ki ap mal enteprete dosye a sou medya tradisyonel ak medya sosyo pou yo evite fè sa, paske legliz katolik pa viv nan eskandal e sa kapab fè otorite nan piwo nivo kanpe fonksyonman pawas la e lè sa se kominote a kap pèdi.

Pou rezoud konfli sa, genyen plizyè sitwayen pami yo youn nan ajan egzekitif enterimè yo Destiné Ocelite ki deja mete tan li ak kontribisyon ekonomik li disponib pou ede jwenn yon espas pou legliz la fonksyone nòmalman.

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.