Legliz Katolik an dèy : Monsenyè Willy Romelus mouri

486
0
Share:
TRiboLAND

Sid, Ayiti ______(TRiboLAND) Legliz katolik nan peyi Dayiti ak pèp Grandans lan ap viv yon moman tristès aprè nouvèl lanmò Monsenyè Willy Romelus. Daprè Anderson Duvert, ansyen evèk la te malad nan dènye jou yo.

Natif natal depatman Sid, Monsenyè Romelus pase plis pase 40 ane nan depatman Grandans kote li fè tout karyè eklezyastik li kòm prèt ak evèk. Pandan 40 ane sa yo, li fè 32 lane kòm Evèk, li te envesti anpil nan devlopman zòn nan, sitou nan domèn edikasyon ak lasante.

Nan lane 2009, Legliz Katolik te transfere-l nan depatman Sid, men atachman li ak Grandans lan te rete vivan. Chak fwa gen gwo evènman oswa lanmò yon zanmi, li te toujou fè deplasman pou patisipe.

An janvye 2025, Monsenyè Willy Romelus te selebre 94yèm anivèsè nesans li. Depatman Grandans lan pèdi yon sitwayen ikonik ki te toujou kwè nan pwogrè ak byennèt kominote eklezyastik la.

Share:

Leave a reply