Enstalasyon Me Elmide Jean Baptiste Edmond kòm nouvo Direktris Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) nan Nòdwès

635

04/01/2021

Pòdpè_______(TRiboLAND) Se jounen Jedi 1e avril 2021 an,yon delegasyon Direksyon Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC), ki gen nan tèt li Pwotèktè sitwayen an, Me Renan Hédouville, akonpanye direktris OPC a, madàm Yolande Moyard Joseph, prezans kowòdonatè tèritoryal yo, Me Edisson Dorisca, enstale anndan Palè Jistis Pòdpè a, Me Elmide Jean Baptiste Elmond.

Me Elmide Jean Baptiste Elmond

Enstalasyon sa a fèt anprezans chèf pakè Pòdepè a, Me Bellarmin Jean Volney, delege depatman Nòdwès la, msye Wesley Sony Dordoille…pou n site sa yo sèlman. Pwotektè sitwayen an, Me Renan Hédouville, ki te pwosede ak enstalasyon sila a, te fè nouvo distris la konnen se pa yon djòd ki fasil men l bay Me Elmide garanti l ap mete tout bagay aladispozyon l pou l sa fè djòb la kòm sa dwa puiske Me Elmide Jean Baptiste Elmond Pa yon novis nan bwat la.

Nouvo direktris la, Me Elmide Jean Baptiste Elmond, nan entèvansyon l, te plede anfavè medàm yo yon mannyè ou KOTA yo rive respekte.

Pwotektè sitwayen an, Me Renan Hédouville, pandan li nan Nòdwès, te tou pwofite onore Chantè Tabou Combo a, Roger M. Eugène pou kote li fè mizik ayisyèn nan rive. Se te menm man parèyman pou direktris Institution Notre Dame du Perpétuel Secours a, Sr Marie Chantal Charles pou kontribisyon l pote nan sistèm edikatif ayisyen an ak patisipasyon lekòl l ap dirije a ki toujou chanpyon nan tout konkou OPC abitwe òganize yo ansuit ki toujou ap batay pou dwa moun respekte nan onivo kominote Nòdwès la.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.