Alouidor Lafortune, alyas “Dady”, ansyen foutbolè FICA pral pase 10 lane dèyè bawo pou kadejak sou bèl fi li

0 515

Kap Ayisyen__(TRiboLAND) Pwestij spò a nan pasaj nan Kap Ayisyen sou plan moral. Alouidor Lafortune alyas “Dady” ki nan yon pwemye tan chouchou tout moun nan zafè foutbòl te arive fè tèt li pase pou sugar Daddy nan vyole bèl fi li, yon minè 15 lane ki menm arive ansent.

Alouidor Lafortune alyas “Dady”

Ansyen atakan supèsta a ki tap evolye nan nannan Football Club Inter-Association (FICA) te devwale pandan asiz kriminèl yo kilpabilite li fas a repwòch ke yo fè li sou zak kadejak ke li fè sou pitit fi li ki genyen sèlman 15 rekòt kafe.

Konsa, dapwè vèdik la ki te delivwe anba lobedyans Jij Emmanuel Vertilaire nan Tribinal Pwemye Enstans Okap la ayè Vanderdi 7 Fevwiye 2020 a, ansyen atakan an kondane pou li pase 10 lane travo fòse e peye viktim nan yon montan 5 milyon goud dedomajman.

Se yon gwo kou moral pou jwèt boul la nan depatman Nò a. Nap raple w,  Konsa yon tès  Asid Dezosiribonikleik (ADN) te reyalize pou detèmine patènite pitit bèl fi a bay nesans lan.

Leave A Reply