Yon Monpè ayisyen riske pran 15 lane pwizon pou vyòl ak kadejak nan peyi Etazini

3,152

01/20/2022

Florid_____(TRiboLAND) Jean Claude Phillipe, se non yon Monpè ayisyen ki tap sèvi legliz Katolik Sacred Heart Homestead, nan Miami ki te jwen arestasyon li nan mwà oktòb 2021anba akizasyon vyòl kadejakè sou youn nan fidèl li yo. Pè Phillipe ki genyen 66 rekòt sou tèt li riske pase yon 15 lane pwizon si la jistis amerikèn tap jwen li gen tou nan manch.

Antouka, viktim nan ki pat kache devwàle pandan pwosè a nan mwà oktòb dènye kòman Pè Phillipe te tankou yon fanmiy pou foye li e pafwa menm pase vakans ak fanmiy lan. Konsa, nan mw oktòb 2018, Pè Phillipe ta pwàl mete soutane akote pou antre nan wout chanalite lòske li te envite viktim nan lakay li e ba li yon “te” pou andòmi li. Konsa, lè li reveye, li jwen li toutouni nan chanm Monpè, selon Le Floridien, yon jounal blan meriken.

Pè Phillipe, atravè egzaminasyon, te avwe ke li te vrèman envite viktim nan lakay li; sepandan oken kanno pat arive tire, se plis ti masaj “lwil dous” ke li tap ba li pandan ke li te toutouni. Yon parèy deklarasyon riske lage nyàj sou revelasyon viktim nan.

Antouka, si otorite lalwà ak larèg yo nan peyi Etazini ta jwen Pè Phillipe koupab, li riske pase 15 lane dèyè bawo.

Comments are closed.