BSAP pwosede Ak Arestasyon Orthéla Celondieu, 34 lane ki ta Vyole Pitit Fi li ki gen 12 lane

826

08-09-2023

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Orthéla Celondieu, se non yon papa 34 lane ki fè kadejak sou pitit fi li ki gen 12 lane nan Site Grasya, komin Wanament. Konsa, annafè a, arive jwen arestasyon li anba men BSAP jodi mèkredi 9 dawout 2023 a.

Antouka, se sè ti fiyèt 12 lane a, ki dekouvri koulè zak malonèt sila pandan lap monte kilòt li epi l ta mande fiyèt la sa l genyen. Li ta konfime se papa a ki sot fè lasisin avèl pandan sware 8 dawout a. BSAP ki aprann nouvèl la, san pèdi tan ta mete men sou gwo koure 34 lane sila a.

Pou kounye a Orthéla Celondieu twouve l nan komisarya Wanament lan ap tann lajistis bay santans li. Yon sitiyasyon santikri ke TRiboLAND ap swiv!

Comments are closed.