Jeremi : Yon polisye sangwen UDMO fè kadejak sou yon jèn fi 18 lane

1,864

08/24/2021

Jebo, Jeremi______(TRiboLAND) Yon polisye Unité Départementale de Maintien de l’Ordre (UDMO) ki pote non Old Sterlin alyàs “Tèt kapòt” ou “San Sousi” komèt zak kadejak sou yon jèn ti nègè dimanch 22 out 2021 an, nan lokalite Jebo, komin Jeremi.

Dapwè enfòmasyon yo, “San Sousi”, ki ta sanble ke li pa genyen tikal sousi, te oblije tire anlè

e itilize zàm li “manu militari” yon fason pou li te arive anlve jèn fi a. Mete jèn fi a sou moto ak konplisite lòt sangwen, li te vyole li nan yon lye sekrè.

Enfòmasyon yo fè eta de yon vyolans seksyèl ke sangwen UDMO a poze pandan popilasyon Grandans lan ap pran lanm anba ravaj gwoudou gwoudou 14 out 2021 an; yon zak derespektan ki okazyone lakay viktim nan, yon emoraji san rete jiska yè lendi 23 out 2021 an.

Antouka, se pa pwemye fwà ‘San Sousi” ap afiche “lòbèy santi kri” nan sosyete ayisyèn nan, nan Gran Sid. Li te deja touye yon moun nan yon match foutbòl nan Gomye, komin Roseaux; san konte plizyè egzasyon (bwile kay moun) ki te oblije li pran ràk bwà pou li.

Comments are closed.