Kidnapping nan ap moute balkon alòske otorite polisyè yo ta sanble enkapab

0 481

Pòtopwens__(TRiboLAND) Akote divès ka kidnapping kè sere ki te deja mete yon pakèt moun nan endinyasyon, yè Samdi 8 Fevwiye a, endividi ke moun pa arive idantifye fè dap piyanp sou yon machinn pwive nan Delma ki te genyen plizyè jènn ladanl pami yo 3 jènn fi.

Ravisè malfwa yo ki sanble te deja mete yon bagatèl 3 milyon goud sou tèt viktim yo pat pran tan pou te negosye avèk paran ti medam yo ki te abouti avèk liberasyon yo. Sepandan, bandi san fwa yo toujou genyen anba grif yo 2 jènn gason yo.

Plizyè lòt ka kidnapping pa sispann ap bay tèt fè mal patikilyèman atravè kapital la. TRiboLAND aprann atravè yon seri sous onèt plizyè ka ki ta sanble ak kidnapping nan milye etidyan yo. Pa lontan, yè Vandredi 7 Fevwiye 2020 an, malfwa sanvègòy fè men miz sou 2 etidyan Inivèsite Pòtopwens.

Alòske popilasyon ayisyènn pa konnen ki sen pou yo rele; fòs lòd yo montre enkapasite yo pou yo genyen kontwòl peyi a, konstènasyon pa sispann ap vale teren; dènye rapò LONU yo estime ke genyen plis pase 270, 000 zam kap sikile atravè peyi a; pèsònn pa vle anvizaje pènn de mò ou zewo tolerans; konsa, PNH la ki pa genyen oken lòt rekou sinon anonse yon milyèm fwa yon plan stratejik.

Anfen, Ayiti somalize e tèt koupe ak yon peyi ki deja anglouti anba je dirijan tèt mato ak fòs lòd ki pwefere vann (backup) yon jounen sekirite pwive a divès sitwayen kap bat pou boukanen dlo lavi a chak jou BonDye mete.

Sa ki reyèlman revòltan, se latriye entèvansyon san sans Pòt pawòl PNH yo pa sispann fè! Yon seri entèvansyon ki pa gen lòt motiv sinon envite popilasyon an pou fè pwidans oubyen kolabore ak lapolis. Reve jwenn sekirite nan peyi sa, se sèlman lè PNH la arive ekipe, pwoteje ak akomode pwòp ajan yo ki pa sispann tonbe anba bal bandi e menm kidnape.

Leave A Reply