LONI: Asanble Jeneral la vote yon rezolisyon pou retire anbago ameriken sou peyi Dayiti avèk Kiba

999

11-03-2023

Asanble Jeneral Nasyon Tèt Kole yo vote yè jedi 2 novanm 2023 a, yon rezolisyon ki pou mete fen nan anbago ameriken kont peyi Kiba ak Ayiti. Tout peyi (187) vote anfavè, esèpte Etazini ak Izrayèl ki vote kont.

Ayiti vote anfavè yon parèy rezolisyon ki fè djapòt.

Sa ki enteresan nan pwosesis la, peyi Etazini ki toujou fè tèt li pase kòm vrè zanmi peyi Dayiti, vote kont; peyi Izrayèl, ke Ayiti te fasilite yon vot kritik pou li te kapab arive “nasyon” jounen jodia, vote egalman kont Ayiti.

Nap raple, nan moman pwosesis la, peyi Ikrènn te absan.

Comments are closed.