Yon aktivite gwoudou gwoudou 3.4 anrejistre ayè nan kapital peyi Dayiti a

0 466

Pòtopwens__(TRiboLAND) Biwo Minn ak enèji anndan peyi Dayiti konfime episant yon aktivite latè tranble ki fèt ayè a 20 kilomèt Wès Pòtopwens nan mitan zèsèl Leyogann ak Kafou e a 5.6 kilomèt nòdwès Lasal.

Plizyè lokalite nan zònn metwopolitènn kapital la, tankou Petyonvil ak Kenskòf te resanti sekous lakilbit yo. Dye mèsi, responsab Biwo Direksyon Pwoteksyon Sivil pa anrejistre oken dega matetyèl ak viktim.

Antouka, selon dènye bilten sou sismik Janvye 2020 yo ki chita sou network sismik yo, gen plis pase 24 aktivite latè tranble ant 1.4 ak 3.5 ki anrejistre atravè peyi a. Defisyans sa yo pou laplipa okazyone anpil latranblad te detekte plis nan zònn Nò ak Wès peyi a e manifeste patikilyèman anba fon lanmè ak yon distans ki varye de 8 e 96 kilomèt.

Leave A Reply