Tannzani: 20 moun mouri nan kouri pil sou pil dèyè lwil sent nan yon sèvis pwiyè

0 590

Moshi/Tannzani___(TRiboLAND) Plis pase 20 moun mouri nan yon leve kouri nan yon sèvis legliz anndan yon stadyòm nan Tannzani, dapwè otorite yo.

Plizyè santènn moun te asiste sèvis pwiyè Samdi swa ki te anba direksyon youn nan pwedikatè ki pi popilè nan vil Moshi, toupwè Mont Kilimanjaro.

Apot Bonifase Mwamposa, Tannzani

Pastè Bonifase Mwamposa, ki alatèt Arise and Shine Ministry e ki pwoklame tèt li “Apot la,” yo rapòte ke sèvitè a te simen “lwil sent” atè, e alète foul moun yo kouri pwesipite devan yon fason pou yo kapab touche likid la.

Nan pwese pou jwenn oksyon lwil la, fidèl yo kouri plonje, moute pil sou pil sou lòt ki okazyone plis pase 20 moun mouri nan kraze e 16 lòt blese. Komisyonè Kippi Warioba konfime 5 nan moun ki mouri yo se timoun piti, e yo konsène ke chif moun ki mouri yo kapab ogmante paske aksidan an rive nan aswè.

Medya lokal yo rapòte ke Mr. Mwamposa vole pou Dar es Salaam, yon vil kotyè Tannzani, touswit apwè panik pou ale dirije yon lòt sèvis pwiyè nan yon lòt bwanch legliz li olye pou li te rete asiste e konsole sa yo ki ap lamante sou kadav pwòch yo. Yo arete Apot Boniface Mwamposa nan vil pòtyè, Dar es Salaam jodi Dimanch 2 Fevwiye 2020 an. Yo repwoche-l kòm moun ki te soulve panik la lòske li te mande tout foul la pou vini mete pye yo atè sou lwil sent lan.

Nan dènye deseni sa yo, Kontinan Afrik la pa sispann pouse pastè kon djondjon ki fè tèt yo pase kòm pwofèt kap fè mirak e ki ka eradike povwete.

Leave A Reply