Tannzani: Prezidan John Magufuli di lemonn babay

222

03/17/2021

Dar es Salaam_____(TRiboLAND) John Magufuli, prezidan tanzanyen rive sou pouvwa nan lane 2015 e li te arive repran chèz boure a nan 2020, ebyen mouri akoz problèm kadyàk, jodi mèkredi 17 màs 2021 an.

John Magufuli kite nou. Prezidan peyi Tannzani an mouri aprè problè kadyàk. Se sa vis-prezidant lan, Samia Suluhu Hassan anonse sou televizyon nasyonal peyi a, jodi mèkredi 17 màs 2021 an. Yon parèy lanmò pantan aprè plizyè semen absans chèf leta a.

“Se avèk anpil regrè m’ap anonse nou jodia, nou pèdi vanyan leader nou an, Prezidan Tanzani a, John Pombe Magufuli,” daprè Samia Suluhu Hassan. Bwi kap kouri sou lanmò prezidan an, t’ap vle fè kwè ke se ravaj kowonaviris, yon malady ke leader a pat tèlman pran oserye.

John Pombe Magufuli te fèt 29 oktòb 1959. Li te okipe plizyè fonksyon ministeryèl nan karyè li. Le te elu prezidan Tannzani 25 okòb 2015 e re-elu pou yon dezyèm manda 25 oktòb 2020, ke li pa arive boukle.

Comments are closed.