Pwofèt ak Pwofesi ann Haïti!

1,072

Depi kèk tan, pwofèt, pwofètès fè mikalaw nan bay pwofesi ann Haïti. Gen anpil moun ki deranje e gen moun ki menm mennen kanpay pou yo arete moun sa yo k ap bay mesaj swadizan BONDYE ba yo. Èske pwofèt ak pwofesi se blòf? Èske tout moun k ap bay pwofesi ann Haïti yo se blofè ak blofèz?

Mwen pa deside fè yon tèks kote m ap dekòtike LABIB sou kesyon pwofèt ak pwofesi; mwen jis vle pote yon eklèsisman ak yon presizyon pou m ankouraje moun ki inyoran sou kesyon sa yo pou yo sispann pale koze kremòl e sispann fè atak ki ka mete yo nan move pozisyon. Nan LABIB, nou jwenn anpil pwofèt e zafè pwofesi a fè kenken nan liv sa ki fè prèv li kòm yon liv fitiris. Gen pwofesi nan LABIB ki poko akonpli; men nou gentan wè yo pa mantò, y ap materyalize kanmenm.

M ap raple pou moun kesyon pwofèt ak pwofesi enterese, pou yo fè yon koudèy sou Nostradamus pou LAFRANS; Roger Bacon, Francis Bacon, William Hope pou Langletè ak ETAZINI. Ellen Gould White, Pastè Branam, Pastè Billy Graham pou ETAZINI. An verite, chak peyi sou latè gen lo pwofèt, pwofetès ak pwofesi ki sou yo. Te gen yon Ris ki fè 60 tan ap bay pwofesi, e misye te konn bay anpil tèt fè mal. Ellen White bay pwofesi sou yon peryòd 2 syèk. Gen kèk moun ki poko fin konprann zafè pwofesi sa ki panse se blag k ap fèt. N ap di toujou gen fo pwofèt ki gen movèzespri k ap mache ak yo k ap pale yon bann radòt, yo gen itilite yo kèk kote; e Leta konn sèvi ak yo pou manipile lopinyon piblik. Men, sa pa fè tout pwofèt se blofè e tout pwofesi se blag.

William Hope, Roger ak Francis Bacon te gentan predi 50 tan alavans tout sa ki pase soti 1770 rive 1860. Gen peyi ki gen lis pwofèt yo e ki regwoupe pwofesi yo fè sou peyi nan liv ke yo konsidere tankou sekrè deta. Pa gen peyi sou latè ki pa gen pwofèt k ap bay bon jan pwofesi, sa vle di k ap anonse sa k ap vini sou plan global. ETAZINI ak LARISI, se 2 peyi k ap mennen yon gè estratejik pou yo rekrite anpil moun ki ka kominike ak mond kote espri yo chita pou yo ka konnen sa ki kache nan Linivè. 2 peyi sa yo ap mache rekrite moun sou tout peyi sou latè k ap fè eksperyans paranòmal. Tande, pa panse se lasyans, sa vle di demach rasyonèl ki mete LARISI, ETAZINI ak LACHIN kote yo ye la. Non! Peyi sa yo gen gwo divinò k ap travay pou LETA e k ap monitore tout lòt peyi nan monn nan pou yo konnen sa k pral pase.

Ann Haïti; depi sou tan Lakoloni Sendomeng, te toujou gen moun k ap bay pwofesi. Apre 1806, kèk vakabon kou Alexandre Pétion mache mare tout pwofèt yo e kontwole zafè pwofesi sa. Yon bandi legal kou François Duvalier te kwè anpil nan pwofesi, e PAPA Doc pa janm fè yon mwa san li pa kontakte kèk gwo divinò ki pou bat kat pou li. An 1990, Jean BERTRAND ARISTIDE te jwenn yon kokennchenn pwofesi kote yo te drese pou misye pwofil lidè k ap gen pou pèmèt HAYTI kanpe sou 2 pye li. Pwofesi sa te montre lidè santibon an ap yon pwofèt e yon gwo politik k ap sèvi PAPA YAHWEH ak tout nanm li. Ou pral jwenn gen anpil Pastè ARISTIDE fè mawon e li touye Pastè Antoine Leroy paske li te rete kwè Leroy se te vrè lidè a. Jouk jounen jodia, nèg ki nan zafè maji toujou ap chache kote Zetwal HAYTI yo ap soti.

Gen yon fenomèn nou vle eksplike pou anpil moun ka konprann. HAYTI kòm tout peyi gen bon jan pwofèt ki gen bon jan pwofesi. Men, pi fò pwofèt sa yo fè silans e kache pwofesi yo; gen lòt ki eseye apwopriye pwofesi sa yo pou tèt pa yo; e yo kite pèp la nan fè nwa. Li pa etonan lè nou wè depi yon dizèn lanne, e sitou nan 5 dènye lanne sa yo, gen anpil moun k ap bay pwofesi sou yon lòt HAYTI k ap vini. Èske moun sa yo wè klè? Èske gen fo pwofèt ladan yo? Èske HAYTI ap leve kanpe tout bon vre. Mwen pran responsabilite pa m kòm PITIT pitit 2 gwo vanyan gason nan zòn 4triyèm seksyon Senmak ki te gen anpil konesans nan zafè ezoterik e sou istwa peyi a pou m di ke HAYTI se yon peyi yo tante anglouti ak gwo metòd vyolans; men ki pap janm disparèt. Wa bandi legal sou latè mèt sote ponpe, HAYTI ap tounen sa l te ye. Yo mèt fè sakrifis, envoke ak evoke espri yo vle; yo pap ka chanje pwofesi ki fèt sou HAYTI yo. E m ap avèti nou ke tank n ap apwoche sou materyalizasyon pwofesi santibonik sou HAYTI yo, se tank ap gen pwofèt k ap bay pwofesi. Fòk nou fè atansyon ak fo pwofèt yo.

Mwen pa vle fè kòmantè sou ankenn pwofèt k ap frape nan jou yo la; men mwen wè gen 2, 3 moun k ap pale bon koze nan espas sibènetik ayisyen yo. Kijan pou nou konnen yon moun ap pale bon koze nan zafè pwofesi sa? Youn nan premye siy ki pou fè w wè yon pwofèt serye; se lè li pap fè pwomosyon pou tèt li nan chache notoryete. Yon lòt siy ki palpab; bon pwofèt la pap janm pale de lajan, e li pap chache fè bòz ak pwofesi l ap bay yo. Ap toujou gen yon sòt de etonman nan fason moun sa ap prezante enfòmasyon yo, e ap toujou gen anchenman nan pawòl yo. Nan ka HAYTI, pwofèt serye yo pa ka voye jete LABIB kòm liv referans. Nou rete kwè pwofèt ki gen bon jan pwofesi yo pou HAYTI ap leve kanpe pou yo pale pawòl LESPWA nou bezwen pou n kanpe goumen pou peyi sa.

Gen anvwaye BONDYE ki gen pou kanpe pou bay bandi legal bou teren nan peyi sa; e sa pap pran lontan. Kòm Hayti se yon peyi ki fonksyone tankou yon boutik kote se bandi ki gen kontwòl Laprès; nou pap janm tande pwofèt yo prèske nan medya. Men, ak rezo sosyal yo, n ap fini pa tande temwanyaj yo, pwofesi yo e n ap fini pa dekante blofè blofèz yo ak vrè sèvitè ak sèvant BONDYE yo. Bandi ki pran LEGLIZ Lokal yo annotaj yo; kafe yo gen pou koule ak ma. Sonje byen, moun k ap sèvi BONDYE tout bon yo pa ka fokis sou lajan ni ap pale de lajan toutan. Yon vrè sèvitè ak yon vrè sèvant BONDYE ap toujou travay pou ede lòt viv byen e pou chanjman veritab fèt. Pou m fini; m ap raple tout moun ke eleksyon-seleksyon pap ka bay lidè SANTIBON ki pou mete peyi a kanpe sou 2 pye li. Atoufè k ap ranje kabann yo pou y al nan eleksyon-seleksyon yo; se tan y ap pèdi.

Pwofèt santibon yo ap delivre mesaj yo e pwofesi sou HAYTI yo ap akonpli, vle pa vle, wè pa wè! Gen koze; men pa gen bouch pou pale yo!

NAMASTE! SHALOM!

Kerlens Tilus. 08/14/2021
SNEL76_2000@YAHOO.COM
Tel: 631-639-0844

Comments are closed.