Dife, yon lòt fwà ankò ap bay payèt nan Okap Ayisyen

02/07/2022
Kap Ayisyen______(TRiboLAND) Yon gwo dife manman penba eklate aswè jodi lendi 7 fevriye 2022 an nan dezyèm vil peyi Dayiti, patikilyèman nan Okap Ayisyen, depatman Nò.
Dife a ki eklate vè 9 : 00 pm e te kòmanse ap bay payèt nan yon pwen li vide plat atè etablisman Enstitisyon Wayàl Kap Ayisyen an ki tabli kò li nan Ri 9 A.
Sepandan, oken nòt bò kote otorite yo poko estime orijin ak enòmite dega dife a.






