Pwofesè Lise Quesnel Laguerre (LQL) nan Raymond, 1e Seksyon kominal Jan Rabèl kanpe travay pou fòse Leta Ayisyen peye yo

0 738


Raymond/Nòdwès Dayiti____(TRiboLAND) Plis pase yon trantènn pwofesè melanje ak ti pèsonèl kap travay depi digdantan nan Lise Quesnel Laguerre ( LQL), nan Raymond, 1è Seksyon Kominal Jan Rabel, san touche yon santim, sanse kanpe travay tout bon vre, jounen Mèkredi 29 janvye 2020 saa pou egzije Ministè Edikasyon Nasyonal peye yo fòs kouraj yo.


Pwofesè sa yo ki di yo gen yon volim responsabilite sou do yo e ki te eseye rantre nan sal klas yo pandan louvèti lekòl mwa Septanm nan sou deklarasyon minis Edikasyon an Pierre Josué Agénor Cadet. Kidonk, ki te ba yo garanti l ap nonmen yo ansuit peye sila yo ki gen lèt nominasyon nan men yo depi plis pase 3 lane e ki estime se nan farinn minis CADET ap pase yo pandan l toujou prezante Lise Quesnel Laguerre kòm Lise referans atravè repiblik la, deside kanpe travay jiskaske yo jwenn lèt nominasyon yo answit peye sila yo ki gen lèt nan men yo e ki pa janm touche yon goud nasyonal .

Kowòdonatè Lise a, pwofesè Mettelus Délivrans ke Triboland te eseye kontakte sou grèv pwofesè yo, fè konnen desizyon pwofesè yo pran pou yo pa mete pwent pye yo nan sal klas yo, se yon desizyon ki jis menm lè l di l rekonèt se elèv yo an pwemye ki pral peye konsekans lan sitou sila yo ki gen pou konpoze pa twò lontan nan ane sa a.

Li enpòtan pou n raple, Lise Quesnel Laguerre, ki chita nan 1è Seksyon Kominal Jan Rabel, ki te konstwi nan lane 2015, ki se youn nan pi bèl lise atravè peyi Dayiti e ki gen ladan l plis pase 600 elèv, ap monte yon kalvè nan moman n ap pale la kote elèv sa yo depi Madi 7 Janvye 2020, dat louvèti 2è trimès aneskolè a, ap flannen sou lakou Lise a malgré prezans pwofesè yo ki pa deside travay pou fòse minis Edikasyon an Pierre Josué Agénor Cadet peye yo fòs kouraj pwiske selon pwofesè sa yo: “sak vid pa kanpe,” “ansuit chen grangou pa jwe.”


Saint Jean Wiskis/ TRiboLAND

Leave A Reply