Karis/ Edikasyon : 8 jèn gradye nan enfòmatik yon pwomosyon ki jwenn benediksyon pwogram Kan Dayiti a.

196
0
Share:
TRiboLAND

07-09-2023

Karis, Ayiti____(TRiboLAND) Se an prezans mèt Donatien Cétoute ki te reprezante Sant pou Kilti ak Devlopman Karis (SKDK) e Arnold Philidor Fondrib ak reprezantan Kan Dayiti a, Caseus Loraden e kire pawas la, Wilson André remèt sètifika bay 8 aprenan nan enfòmatik jounen dimanch 9 jwen 2023 a.

Seremoni an ki te kòmanse avèk yon mès aksyon Degras, kote divès pèsonaj te patisipe nan yon parèy okazyon. Seremoni louanj lan te trè anime; alòske touswit aprè mès la aprenan yo ta pral pran direksyon sal pawasyal la pou kontinye aktivite a.

Reprezantan plizyè nan estrikti sa ki te pran lapawòl nan non plizyè enstitisyon, remèsye Kan Dayiti ki te pran inisyativ pou pèmèt 8 jèn sila yo aprann enfòmatik. Se yon etap anplis lè jèn nou yo jwenn chans mete konesans nan tèt la, daprè yon entèvenan.

Nap raple, se yon pwogram ki jwenn sipò Kan Dayiti, SKDK ak Fodrib ki pèmèt jèn sila resevwa sètifika yo an gran panpan nan domènn enfòmatik.

Share:

Leave a reply