Anpil linèt pou pwoteksyon ak mas pou (2019-nCoV) rive jodi a nan Wuhan

0 373

Wuhan/Lachinn___(TRiboLAND) Plis pase 20,000 pè linèt pou pwoteksyon ak 5,000 mas medikal rive pa avyon yè Lendi 27 Janvye 2020 lan nan Wuhan, dapwè sa ke responsab minister endistri ak teknoloji enfòmasyon fè konnen.

Lo materyèl sa yo ki soti nan vil Qingdao, nan zònn lès peyi Lachinn, ap gen pou distribye bay pèsonèl medikal atravè sèvis lokal yo osito sa posib, dapwè responsab yo.

Un membre du personnel médical travaille au département des maladies infectieuses du Wuhan Union Hospital

Wuhan ki se kapital pwovens santral Hubei, kote ke epidemi coronavirus la te pran nesans ap fè fas ak ratman founiti medikal, espesyalman nan rad avèk linèt pwoteksyon.

Antouka, se pwèske tout sistèm endistri ak teknoloji e enfòmasyon yo ki mobilize pou asure yo ke pèsonèl medikal kap sèvi Wuhan nan jwenn ase resous.

Leave A Reply