Manifestasyon nan Twoudinò pou mande demisyon Ariel Henry

1,316

09-21-2022

Twoudinò , Ayiti __(TRIboLAND) Plizyè santèn moun te pran lari mèkredi 21 septanm nan, nan Twoudinò (Nòdès) pou mande demisyon Premye Minis defakto a Ariel Henry.

Pandan Premye minis Ariel Henry ak prezidan Etazini an, Joe Biden ak tout akolit li, Sekretè Jeneral L’ONU, Antonio Guertere ap fè divèsyon sou mizè ak rekèt sosyete ayisyèn nan, komin Twoudinò te sou bebzenk li sou beton an. anifestan yo ki te mache nan plizyè ri nan vil la, denonse pouvwa an plas ki pa fè anyen pou konbat ensekirite a, lavi chè ak enflasyon galope sa a ki afekte majorite popilasyon an.

Daprè manifestan yo, gouvènman an plas la pran plis pase yon ane sèlman nan pran mezi pou ranfòse ensekirite ak prekarite sosyal yo ann Ayiti. Yo di desizyon gouvènman an pran pou ogmante pri gaz la plis pase 100% se yonn nan obligasyon pouvwa an plas la gen pou l satisfé enstitisyon finansye entènasyonal yo, ki gen ladan Fon Monetè Entènasyonal la ak Bank Mondyal la yon fason pou yo avanse ak plan lobèy newo-kolonyalis kansè sanginè a yo kap fini ak peyi Twazyèm Monn yo.

Nap raple anpil vil nan depatman Nòdès la ap manifeste kont Premye Minis defakto Ariel Henry ak tout gouvènman PHTK a, depi plizyè semèn san pran souf.

Jn Simon Manex

Comments are closed.