Penitansye Nasyonal: tantativ evazyon pwizonye yo lakoz anpil tansyon

0 573

Pòtopwens___(TRiboLAND) Jodi Madi 28 Janvye 2020, gwo tire lakòz yon sitiyasyon tansyon ak panik nan Penitansye Nasyonal ki plase nan nannan kè Pòtopwens.

 Selon enfòmasyon ki jouska pwezan ki poko verifye avèk Lapolis, pwizonye yo tap tante chape poul yo. Konsa, chèf lòd yo ki te gentan ogadavou, pat pran tan pou mobilize e kreye yon paramèt sekirite ki te arive etènn souf mouvman evazyon an.

Penitansye nasyonal

Anpil nan fòs lòd yo tap trese lèl nan diferan paraj pwizon an; alòske yo te anpeche pyeton fè va e vyen tou pwè penitansye a. Sepanda, jouskapwezan otorite PNH yo pako an mezi pou founi esplikasyon detaye sou dènye evennman yo ki enplike pwizonye Penitansye Nasyonal yo jodi Madi 28 Janvye 2020.

Leave A Reply