Yon gwoudou gwoudou 7.3 fwape mitan Jamayik ak Kiba

0 425

Etazini___(TRiboLAND) Gwo ativite latè tranble ki mezire 7.3 magnitid fwape ant Jamayik avèk Kiba jodi Madi 28 Janvye 2020 an. Enfòmasyon jewolojik ki arive jwenn TRiboLAND vè 3:00 pm fè eta de episant lan ki bay payèt anba yon sufas ki mezire 10 kilomèt, manifeste a 117 kilomèt nòdwès de Lucea peyi rasta yo, dapwè Enstiti Etid Jewolojik peyi Etazini.

Toujou dapwè enfòmasyon yo, sakad gwoudou gwoudou a te menm rebondi nan zònn Lil Kayiman ak Ayiti. Dapwè jounal Miami Herald, sekous yo te tèlman rive lwen ke anba lavil Miami te menm jwenn sakad e ke otorite yo te menm gentan aktiyalize pwosedi evakyasyon masiv yo nan kèk gwo batiman.

Responsab Sève jewolojik yo nan peyi Etazini te deja antisipe Alèt Tsunami sou lizyè kotyè peyi Kiba, Jamayik, Meksiko, Beliz, Onndiras ak Lil Kayiman selon PTWC: https://bit.ly/2U5GshA . Antouka, selon rapò yo pa genyen trò dega ki anrejistre.

Leave A Reply