Pewou: Yon kamyon gaz eksploze e touye 4 moun, 49 blese, e detwi 14 kay

0 403

Lima___(TRiboLAND) Yon kamyon ki tap transpòte gaz okazyone lanmò plis pase 4 moun, blese 49 e detwi 14 kay yè Jedi 23 Janvye 2020 la nan yon katye nan Lima, Pewou dapwè ministè sante pewouvyen an.

Genyen 2 nan viktim yo ki se yon ti pitit 9 lane ak yon jènn gason 18 lane ki al mouri lopital apwè yo te finn transpòte yo pou boule grav. Apa de sa, genyen 7 lòt timoun ki nan yon eta grav. Majorite moun ki bwile yo afekte a 80% dapwè minis sante a, Maria Luisa Hinostroza ki estime timoun yon nan yon eta ki gravman grav.

Aksidan sa fèt nan maten vè 7 è, lè lokal lòske plis pase 500 000 moun nan Villa El Salvador te nan wout pou ale travay. Eksplozyon fèt apwè yon fit gaz deklentche nan yon tuyo ki ouvwi nan yon kamyon ki te nan yon blokus sou wout la. Plis pase 13 kamyon ponpye te depeche pou etènn souf dife a ki detwi plis pase 14 kay ki te tou pwe sènn aksidan an.

Leave A Reply