Gouvènman Etazini deside kontwole viza touris pou fanm ansent

0 676

Wachenntonn__(TRiboLAND) Gouvènman Donald Trump lan fè sòti ofisyèlman jodi kit e 23 Janvye 2020 an yon lwa ki pral bay yon kanpe lwen pa pwoche bay fanm ansent kap vwayaje nan lide pou vinn akouche nan peyi Etazini.

Depatman Deta Ameriken fè sòti yon regleman final ki mete fen ak viza B ki pral kont moun kap chèche sitwayènnte amerikènn pou ti moun atravè akouchman nan non visit touris ak afè swen medikal.

Mezi sa a kap antre anvigè jodi 24 Janvye 2020 ap pral redwi “touris matènite” ak ti moun ki fèt Ozetazini yon fason pou benefisye nasyonalite amerikènn. Tout sa yo se pami yon pakèt lòt aksyon gouvènman Donald Trump lan ki deside pou diminye imigrasyon.

Depi yo remake ke yon demand viza ta sispèk pou fen akouchman nan peyi tonton Sam nan; viza sa kapab refuze.

Leave A Reply