Almayn: 4 moun blese nan e 3 nan yo byen grav aprè yon fuziyad nan Bèlen

376

12/26/20

Bèlen____(TRiboLAND) Deblozaj yo deklentche byen bonè avan 4 : 00 nan maten jodi samdi 26 desanm 2020 an nan katye Kreuzbèg, Bèlen. Pou pipiti 4 moun blese daprè polis lokal yo. Jiska prezan sitiyasyon an pa finn klè, daprè otorite yo. Sèvis ponpye fè eta de 3 blese grav pami 4 viktim. Yo te resevwa swen sou plas avèk èd 4 doktè ujantis, daprè sa yo fè konnen sou kont twitter yo.

Ta sanble se plizyè echanj kout zàm kit e deklentche nan antre pòt Stresemanntrasse. E yo ta dekouvri 3 moun ki blese, selon Die Welt, yon media alman.

Malgre proksimite ki genyen ant zòn fuziyad la avèk syèj pati SPD a, jiska prezan sa pa sanble yon motivasyon politik, selon yon chef rapòtè pou lapolis. Plizyè polisye ak gran tonton zàm tap eseye cheche byen bonè nan maten otè detonasyon kout zàm yo. Yon elikoptè tap paweze zòn nan.

Sa pa gen lontan, plizyè endividi ame te atake yon apatman ak yon machin aprè lanmò yon jèn gason 29 lane nan menm katye Kreuzbèg la, daprè jounal alman ki rele “Bild”.

Comments are closed.