Panama: Otorite yo dekouvwi yon fòs komenn apwè deliberasyon 15 moun anba men yon sèk relijye

0 373

Panama__(TriboLAND) Otorite lokal yo dekouvwi yon fòs komenn apwè ke yo te finn pote sekou bay yon kenzènn ke yon sèk relijye te fèmen nan kacho dapwè sa ki soti ayè Mèkredi 15 Janvye 2020 an nan bouch Direktè Jeneral Polis la ki se Alexis Menoz.

Dapwè yon gwo chènn televizyon TVN, ta sanble te genyen  apepwè 7 kadav pami yon 6 ti inosan, dapwè yon sous ki pa ofisyèl.

Dekouvèt fòs komenn sa te arive fèt kèk ti tan avan ke polisye te libere yon kenzènn moun ke gwoup ki danse kole ak yon sèk relijye ki nan zònn Ngabe Buglé, yon lokalite endijènn difisil ki plase a yon distans de 250 kilomèt kapital la.

Viktim ki te jwenn chans sove anba men responsab sèk yo te genyen anpil mak kout fwèt lòske yo te alète otorite yo, toujou dapwè Alexis Munoz. Konsa, operasyon fòs lòd yo te pèmèt yo te arive poze lapat sou 10 manm sèk la ki rele tèt yo “Nouvo Limyè Bondye a,” selon yon twit ki soti bò minister sekirite piblik Panama a.

Dapwè Rafael Baloyes, ki se pwokirè rejyonal pwovens Bocas del Toro a, se yon gwoup kriminèl ki konsakre tèt yo pou enflije move tretman ou zak malonèt kont tout yon kominote. Pami moun ki te sove yo, ou jwenn timoun avèk fanm ansent ki genyen gwo mak kou avèk boule sou yo. De nan yo kit e sove e kite ale pran swen lopital deklare ke sèk la tap pwatike ekzòsism ak andoktrinasyon. Yo bat moun seryezman sou pwetèks yap retire peche.

Leave A Reply