Ayiti: ONU asèpte pou li responsab timoun solda yo fè nan abu ak eksplwatasyon seksyèl

0 496

De gwo dinyitè Òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo (ONU) anonse ke yo mete anplas yon fon espesyal pral disponib pou ede dirèkteman viktim ak lòt moun ki gen difikilte pou jwenn ti pen kotidyen yo.

Antouka, Nasyon Tèt kole yo e ansanm ak patnè yo nan peyi Dayiti pral pèmèt ti nosan ki fèt nan kad eksplwatasyon ak abu seksyèl jwenn asistans pou yo ale lekòl; anplis manman timoun say o pral jwenn yon kichòy (anplwaye) ki kapab fasilite yo kreye pwòp antrepwiz yo, dapwè responsab ONU yo.

Nap raple ke se apwè anpil batay ke ONU te arive rekonèt ke sòlda ak sivil kadejakè ke li te voye vinn mete lòd nan peyi a, te fè peyi Dayiti plis mal ke li te fè l byen. Kòmanse sou kontaminasyon kolora ke Michelle Montas tap defann anfavè ONU, rive sou explwatasyon seksyèl sou yon latriye jènn fi ayisyènn ke yo abize e kite yo de bwa balance ak pitit dèyè san okipe.

Si Leta ayisyen te bay sitwayen lakay li enpòtans, malere ayisyen ke solda ak sivil ONU yo eksplwate, tòchonnen, vyole, dezimanize tap jwenn yon jistis san fòs kote ak yon reparasyon ki chita sou dinyite.

Leave A Reply