Lapolis fè yon gwo kout filè nan Okay: chèf gang Kilikou anba kòd

0 457

Rivière des Mornes/Okay___(TRiboLAND) Gwo chèf gang Diene César ki gen non bandi li ki rele “Kilikou” ke lapolis tap chèche tankou chyen fou depi kèk tan, finalman jwenn arestasyon li douvanjou maten ki Jedi 23 Janvye 2020 an nan zònn Ducis nan Rivière des Mornes nan Okay.

Otorite yo felisite asistans ak koperasyon popilasyon an ki ede yo swiv tras chape poul gwo alatèt chèf gang Savann la nan Okay. Yo kontan tou, dèske se endis sitwayen yo ki pèmèt yo arive mete anba kòd Kilikou ki ta pwezime responsab lanmò Ronald Felix ak Makenson san konte yon latriye ka kidnapinn nan depatman Sid la.

Nap sinyale, malgre bawomèt kidnapinn nan ap vale teren nan jou sa yo, pwolifikasyon aktivite gang ap miltipliye, sepandan otorite polisyè yo pa sispann lage pè las ak poze lapat sou divès chèf gang kap kouri vole gagè.

Leave A Reply