Lapolis ak Lajistis arive poze la pat sou kidnapè Telphort Juvens yo, nan komin pòdpè

325

10\18\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Lapolis ak Lajistis arive poze la pat sou Jean Patrick nèg Sen-Michèl aje de 25 lane, ak Mazard Jeff moun Pòdpè, pou zak kidnapping sou Telphord Juvens minè, aje de 9 lane nan zòn Demelis bò lakay papa minè a,Telphord Dieubon, nan dat kite 14 oktòb 2020 an.

Sepandan, ravisè yo kite bwote minè a, epi depozel nan zòn boden, ki localize nan zòn Nò vil Pòdpè, te mande ak paran Juvens 20 mil dola ameriken pou remèt minè sila.

Lapolis ak Lajistis ki pap dòmi te rete sou zòd minis jistis la, dapwè deklarasyon komisè gouvènman an, Me Jean Volny Bellamin ki te ensiste ke yo te pran bandi kidnapè yo nan yon zatrap nigo.

Me Jean Volny Bellamin



Konsa, paran minè a, ak lapolis, mare 20 mil goud nan yon chasè nwa, e pote l bay Patrick yonn nan ravisè yo; letan poul rekipere lajan an pou remèt minè sila, msye kite twouvel nan yon sityasyon difisil te oblije mete van nan vwèl li. Mal chans pou malfwa a, sou kolaborasyon popilasyon an, yo arive poze lapat sou Jean Patrick.

Antouka, pou Jean Patrick, li pa komèt zak sa pou kont li; Mazard Jeff se yonn nan asosye zak sila, Li te kopere ak otorite yo e kondui yo lakay Mazard Jeff nan lokalite Latandri. Kidonk, se la lapolis ak lajistis ta pral rekipere nan kad operasyon saa lakay Jeff: 3 laptop, 2 pòtab, ak 7 USB.

Li enpòtan pou konnen 2 kidnapè sa yo, pou koulya jwenn refij yo nan prizon sivil Pòdpè a.

Genson HYPPOLITE. gensonhyppolite8@gmail. com

Comments are closed.