Japon: PM Shinzo Abe pwomèt ke Japon pral enpwesyone lemonn alokazyon Je Olimpik ak Paralimpik 2020 yo nan Tokyo

0 346

Tokyo___(TRiboLAND) Pwemye Minis japonè a, Shinzo Abe ki tap pran la pawòl devan Diète (Palman) japonè a pwomèt ke peyi Japon pral enpwesyone lemon avèk Je Olimpik ak Paralimpik Tokyo 2020 yo kap dewoule an Jiyè jiska Septanm pwochen.

PM nan ki kalifye Jwèt sa yo kòm “rekiperasyon,” paske li rete kwè ke yap yon okazyon pou montre nan ki pwen kominote ki te pran gwo fwap nan aktivite gwoudou gwoudou ak gwo tsunami arive fè pwogrè apwè nèf lane.

Relèv flanm olimpik la ap demare nan mwa Mas nan zònn pwefekti Fukushima a, ki te pran gwo fwap nan gwoudou gwoudou a ak katastwòf nikleyè 2011 la.

Leave A Reply