Direktè lekòl piblik yo ki fè pati FENADEFP, anonse pap genyen lekòl nan Grandans

895

09 – 09 – 2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Federasyon nasyonal direktè lekòl piblik yo (FENADEFP), bwanch Grandans, anonse atravè Kòdonatè depatmantal lan, pwofesè Enock Derosier,  rantre lekòl lan pou lendi 11 septanb 2023, pap posib.

FENADEFP, bwanch Grandans mande ministè edikasyon nasyonal, pou nome pwofesè kalifye yo, ogmante salè yo, peye pwofesè yo chak 25 nan mwa a, dispose bonjan asirans, rasure ke enspeksyon fèt nan etablisman eskolè yo, konstri lekòl kite kraze nan move tan yo.

Toufwa, si revandikasyon sa yo pa arive entèpele responsab ministè edikasyonal asyonal yo, direktè lekòl piblik yo nan Grandans, ki se manm FENADEFP, pap kanpe mouvman, an ki vize batay pou amilyore kondisyon lavi anseyan yo nan Grandans.

Comments are closed.